Lasante San filtè - LSF

Lasante San filtè - LSF Paj sa kreye nan lide pou pataje bon jan enfòmasyon sou koze lasante. Vini pou n aprann ansanm!

Alo tout moun 🥰 Kijan nou ye?Nan menm kad maraton sansibilizasyon sou kansè nan  tete a, maten an Lasante San filtè - LS...
20/10/2026

Alo tout moun 🥰
Kijan nou ye?

Nan menm kad maraton sansibilizasyon sou kansè nan tete a, maten an Lasante San filtè - LSF vin prezante nou ak mo ki senp divès etap ki genyen nan OTOPALPASYON.
NB: 2 imaj ki akonpanye piblikasyon sa ap konplete enfòmasyon nou pral site la yo.
*******************************************
Pou pale de etap OTOPALPASYON yo, n ap itilize yon ti istwa. Jis imajine...

Fara se yon ti demwazèl 20 lane ki entèrese ak koze lasante, depi se konferans, atelye, paj k ap bay konsèy sou sijè sa yo, li swiv yo.
Ebyen se konsa dimanch 25 oktòb nan aswè lè li rantre lakay li, aprè ke l te fin patisipe nan "Jounen sante tete" ke Clinique Horeb te òganize nan Petyonvil kote li swiv yon atelye sou enpòtans OTOPALPASYON ak miss Grateful Sunny li deside mete an aplikasyon sa l sot aprann yo.

San pèdi tan, li retire kòsaj li epi ti soutyen nwa li renmen anpil la pou l ka kòmanse.
Li pa bliye ke miss lan te di :
Etap 1 : Kanpe devan yon miwa avèk tete yo byen lib. Byen gade si yo pa chanje koulè, anfle osinon defòme.
Etap 2: Leve tou 2 ponyèt yo anlè, chwazi ak ki tete w ap kòmanse. Si ou kòmanse ak tete dwat la, pase men dwat la dèyè tèt ou, sa ekspoze tete an plis e w ap ka pi byen palpe l. Si se ak tete gòch ou deside kòmanse fè menm bagay la pou men goch la
Etap 3 : Men ki lib la se ak li ou pral fè OTOPALPASYON an. 3 dwèt nan mitan yo ( endèks, lemajè ak anilè) se yo w ap itilize, tou dousman ak pati mitan yo w ap tanponnen tete an ak anpil souplès pou w chèche si gen boul osinon lòt mas ou pa fin konprann. Sòti pa anlè nan fant tete yo, epi fè letou.
Etap 4: Anba zesèl yo enpòtan tou, sòti depi bò tete a manyen tout zòn sa yo nèt jis ou rive anba bra ki te deje leve a
Etap 5: Kounya ou fin palpe, desann bra ki te leve a, fon w ti respire epi peze pwent tete ou sot palpe a tou dousman pou w wè si anyen pap degoute
Etap 6: Fè menm bagay la pou lòt tete a
Etap 7 : Lè w fin palpe yo kanpe, kounya fon w ti kouche sou do pou w repalpe yo lejèman e fwa sa pi lantman
Etap 8: Toujou sonje ke menm si w ta santi nenpòt ti boul osinon remake yon bagay ki pa nòmal, ou pa dwe gentan fè tèt cho, se egzamen lopital ki ap eklèsi w sou kisa sa w te remake a ye.

Fara kontan paske li pa santi anyen ki anòmal, e li pwomèt tèt li chak mwa aprè règ li pou l toujou fè OTOPALPASYON jan miss lan te esplike l la.
Li satisfè paske li te patisipe nan aktivite sila e l deside ankouraje plis moun swiv paj Lasante San Filtè pou yo ka kontinye aprann menmjan ak li🤗

17/10/2026

Alo tout moun!
Kijan nou ye ?
Lasante San filtè - LSF pote kèk enfòmasyon pou nou jodi a nan kad ribrik oktòb woz la.
Avan n rantre danble nan sijè a, nou swete remèsye n pou feedback yo, pataj yo. E nou vle ankouraje n kite plis kòmantè epi poze kesyon. Kesyon yo ede LSF fè plis rechèch e pote kichòy anplis. Remak sou piblikasyon yo enpòtan🤗.

Jodi a se sou siy ak sentòm ki lye ak kansè nan tete nou vi n pale.
SIY SA YO PA TOU EGAL AK KANSÈ NAN TETE, si w remake yo pa kouri panike.
Ale wè jinekològ ou osinon yon medsen jeneralis.

Kansè nan tete fè pati maladi ke lamedsin rele maladi ki gen "bon pwonostik" sa vle di se yon maladi depi w detekte l bonè, gen anpil chans pou tretman yo pote bon rezilta. Se sak fè li enpòtan pou tout moun konnen epi ka idantifye siy yo byen bonè.
Fondasyon ARC ki se yon fondasyon k ap fè rechèch epi lite kont maladi kansè di ke siy ki frekan yo se :
1)yon boul ki di , osinon yon mas ki parèt nan tete yo.
2) Boul anba bra ki gonfle epi ki di tou
3)Po tete yo ki anfle, ap fè maleng epi ki bay yon aspè po zoranj( sa vle di li vle fè pi ti tou)
4) Pwent tete yo ki vle retrakte, ki defòme
5) Ekoulman nan tete yo( sitou likid ki vle parèt gen san)
6)Nan kèk ka, doulè nan tete yo.

Gen nan ka tete yo vin yon jan lou, trè sansib. Konn gen lòt siy ki parèt nan kèk ka. Men sa nou site la yo se yo ki parèt pi souvan.

Pataje ak pwòch ou
Epi rete branche paske nou pral pale de depistaj nan pwochen pòs la🤗

Nou poko pale se siy ak sentòm yoRete branche
16/10/2026

Nou poko pale se siy ak sentòm yo
Rete branche

Bonjou tout moun 🥰
Kijan nou ye ?
Atansyon piblikasyon sa pa yon atak, ni l pa gen lòt objektif ke pote bon jan enfòmasyon SAN FILTÈ 😎.
Nou konsyan ke se yon piblikasyon riske men sèl risk ki entèrese n mwa sa se risk kansè nan tete 😌.
Ann ale

Li vrèman ra pou yon moun ki sou entènèt la pa tande pawòl sa deja: medam bay s***e tete nou pou evite kansè nan tete.
Lasante San filtè - LSF pap kenbe men w pandan l ap di sa , men koze sa se yon gwoooooooooooo vakam.
Li pa baze sou anyen, e jiskaprezan poko gen okenn etid ki pwouve yon kèlkonk lyen ant 2 koze yo.

E poutan 🤭, pou koze bay ti bebe tete ki se alètman, gen anpil etid ki fèt sou sijè a e chif yo disponib.
Jan Mr Cinemha te ka di l : nou pa pale san chif. Pa egzanp sou sit enstiti nasyonal kansè ( NCI nan peyi Etazini) , yon atik ki pibliye an avril 2025 di ke : Selon 47 etid epidemyolojik ki fèt nan 30 peyi diferan sou 50 302 fanm ki gen kansè nan tete e 96 973 lòt ki pat genyen l men ki te jis ap kontwole l yo jwenn ke kansè nan tete a mwens frekan kay fanm ki te fè e bay ti bebe tete. Selon yo alètman ede risk sa diminye de 4,3%. Plen chif toujou.

LSF bò kote pa l ap jis montre nou ke pwosesis alètman ak s***e tete nan kad plezi pa aji menm jan sou tete yo. Se 2 bagay diferan.
ALÈTMAN se yon pwosesis fizyolojik, tete a travay pou l fè lèt, selil anndan tete yo sibi modifikasyon. S***E TETE pa fè tout koze sa, se jis sansasyon tanporè😌
ALÈTMAN modifye fonksyonman òmonal, pami yo li redwi pwojestewòn ke yo jwenn lyen ant li ak kansè nan tete , S***E TETE jis bay òmòn plezi an yon ti boustè 😌
Pou n fini, nan moman sevraj, sa vle di lè ALÈTMAN fini selil ki anndan tete yo konn remanye nèt paske modèl sa pap itil pou kounya, donk kèk selil ki pa an sante tou elimine nan pwosesis la. Sa ke S***E TETE paka fè.

S***e tete fè travay pa l, sansibilizasyon sou kansè nan tete se yon travay apa ke LSF deside fè limenm.

E oumenm travay pa w se pataje pòs sa souple
Epi demanti moun k ap seksyalize tout sijè yo.

Bonjou tout moun 🥰 Kijan nou ye ? Atansyon piblikasyon sa pa yon atak, ni l pa gen lòt objektif ke pote bon jan enfòmasy...
14/10/2026

Pa bliye : yon faktè ki ogmante risk pou w gen yon maladi pa yon  bagay ki dirèkteman ba w maladi a. Lè w konnen ou, ou ...
13/10/2026

Pa bliye : yon faktè ki ogmante risk pou w gen yon maladi pa yon bagay ki dirèkteman ba w maladi a. Lè w konnen ou, ou ka evite anpil nan yo e fè depistaj pi souvan lè w konnen ou gen lòt ke w paka evite. Enfòmasyon sove lavi.

Rete branche Lasante San filtè - LSF pou plis

Alo tout moun 🥰
Kijan nou ye?
Se yon plezi pou Lasante San filtè - LSF pase wè nou e kontinye ak maraton mwa oktòb woz la. Nou wè kominote a kontinye ap grandi, nou di mèsi pou chak pataj epi reyaksyon. Pa gen LSF san ALSF .

Nou te pale de diferan tip kansè ki ka devlope nan tete yo, kounya nou pral pale sou sa yo rele "Faktè ki ogmante risk pou kansè nan tete yo" .
Faktè sa yo se kèk bagay yo remake ke anpil moun, sitou fanm ki gen kansè nan tete te swa genyen osinon te gen kontak ak yo.

Lis la long, men n ap pran sa ki pi kouran yo.
1) Fanm ( 😑menmsi gason konn gen kansè nan tete tou, anviwon 0,5% jiska 1% selon yon rapò OMS te pibliye jiyè 2026 la, 99% ka kansè nan tete se fanm)
Donk li plis ke ijan pou medam yo enfòme epi depiste regilyèman.

2) Laj. Menmsi yo jwenn kèk ka ki pi ba 30 lane. Men apati 40 lane, siveyans lan dwe pi strik. Tankou lè Grateful Sunny ap veye kliyan k ap vin achte konfiti 😉

3)Lè moun nan twò gwo. Nou pa voye w al veye gwosè moun nan lari pou w di yo twò gwo pou otan. Obezite pa mezire ak je😊.
Ou ka panse w pa gwo e poutan si w al kontwole pwa w nan lopital epi yo gade wotè w ak laj ou...🤐

4) Alkòl (bwè twòp, twòp alkòl sitou)

5) Si gen koze kansè nan tete nan fanmi an.
Yon sè, manman, grann ... menmsi sa pa vle di depi yon fanmi w te genyen l w ap fè l tou.

6) Tabak ( gen lòt modèl sibstans moun yo ap fimen kounya yo tou, tout se danje)
Nb: yo pa mansyone ma*****na

7) Plis ou fòme bonè( yo pale tou de koze gwosès twò bonè ak nan laj avanse tou)
Men koze laj la se yon risk deja😑

8) Tout travay osinon aktivite ki ekspoze w ak pil reyon( moun k ap travay nan rafyoloji pa egzanp) ak pwodwi chimik( koulè nan cheve, konsèv nan manje etc)

9)Tretman ki fèt ak òmòn , sitou nan menopoz.

Enpòtan : Risk kansè nan tete pi elve kay moun ki deja genyen l nan fanmi yo men sa pa anpeche gen moun ki fè kansè menmsi yo pa konn si te gen pwòch ki ye genyen l ( OMS, jiyè 2026).

10) Fanm ki pa bay timoun tete ditou.
Koze "bay tete" sa se yon piblikasyon apa n ap fè sou li pou n ka eklèsi yon rimè ki gen nan lari a.

11) Mitasyon jenetik .

Nou kanpe la pou jodi a, demen n ap repataje menm piblikasyon sa pou abòne n yo ka gentan byen li l e poze kesyon si yo genyen. PATAJE ,EPI DI MOUN OU RENMEN YO VIN ABÒNE😉

Alo tout moun 🥰Kijan nou ye? Se yon plezi pou Lasante San filtè - LSF pase wè nou e kontinye ak maraton  mwa oktòb woz l...
12/10/2026

Alo tout moun Kijan nou ye? 🥰Lasante San filtè - LSF pa pibliye chak jou ankò  akoz 2 gwo rezon:  yon bò ALSF💙 yo mande ...
08/10/2026

Alo tout moun
Kijan nou ye? 🥰
Lasante San filtè - LSF pa pibliye chak jou ankò akoz 2 gwo rezon: yon bò ALSF💙 yo mande plis tan pou yo byen pran bèt yo, yon lòt bò gen lòt ribrik k ap prepare pou pote plis bagay pou abòne nou yo.

Men maraton an ap kontinye e maten an nou pral pale de diferan tip kansè nan tete yo.

Selon yon atik li te pibliye 3 jiyè 2026, òganizasyon mondyal lasante ke n plis konnen sou sig OMS fè konnen ke nan lane 2024, 694 000 fanm mouri akòz maladi kansè nan tete. E ke sou 186 peyi ke yo konte yo kansè nan tete vrèman ap frape anpil moun nan 164 peyi. Sa ki vle di koze kansè nan tete a se pa yon mit osinon pawòl doktè ak enfimyè ap bay pou fè kè moun kase. Se yon reyalite e li trè enpòtan pou nou konsyan de malè pandye sa.

Nan menm atik sa, OMS pale de 2 tip kansè nan tete.
Gen youn ki " in situ" sa vle di se anndan kanal pou lèt manman pase , osinon nan espas ki pwodwi lèt yo li chita. Li pa gaye e si yo gentan detekte l bonè akoz mas wap santi nan tete w epi lòt modifikasyon ka pa gen pi mal.

Men genyen yon dezyèm, limenm se yon moman l anvayi epi gaye toupatou. Li se yon kansè "envazif" e se li ki konn pi rapid voye moun anba tè.
Kontrèman ak premye a, ou paka jis retire tete ki gentan atake a. Tretman sa pi konplike e li mande plis ajisteman.

Saw dwe kenbe: 2 tip kansè sa yo pa manifeste ni evolye menmjan. Se sak fè menmsi depistaj byen bonè trè enpòtan, dwe genyen lopital ki byen ekipe pou lòt swivi yo tou. OMS di fòmil ki ap ede redwi kantite ka lanmò epi chaj ki mache ak koze kansè nan tete a pa lòt ke : enfòmasyon k ap pèmèt moun yo ka depiste byen bonè e nan yon moman kote laswenyay la ap ka bay rezilta + tretman konplè ak bon medikaman + swen pou soulaje ( si toutfwa pa gen amelyorasyon )

Pale de depistaj pap janm sifi
Pran responsabilite n
Goumen pou byennèt

Ministère de la Santé Publique et de la Population
Jonurse
Nurse Clara Guillaume
Clinique Horeb

Bonjou tout mounKisa pòs sa te aprann nou sou tete?🙂Paj sa pa itilize mo "sen" an kreyòl limenm pou l pale de tete.Nou p...
06/10/2026

Bonjou tout moun

Kisa pòs sa te aprann nou sou tete?
🙂Paj sa pa itilize mo "sen" an kreyòl limenm pou l pale de tete.

Nou pa di orèy an kreyòl
Ni ne, ki sousi pou tete ?

Nou paka pè mansyone yon pati nan kò ke n deside sansibilize moun sou yon maladi k ap frape l.
N ap kontinye pale de maladi yo, de pratik yo, de chak pati nan kò...San filtè 😎

Alo tout moun 🥰
Kijan nou ye?

Menmsi koze sansibilizasyon konsène tout moun, maten an pòs sa fèt espesyalman pou medam yo, pou moun ki gen tete.
Se pa moun yo konn bay ti woulib🤭.

Medam èske nou janm poze tèt nou kesyon kisa tete ye? Kijan l fèt? Kisa ki nòmal ladan l? 🤔

Ebyen ann fon w ti pale de sa.

Tete pa jis 2 ògàn ki devlope lè w ap rantre nan demwazèl epi ki la pou bote, plezi ak nouri ti bebe si toutfwa w chwazi genyen. Tete se 2 glann ki nan kò w e ki rantre nan fonksyònman nòmal kò a. Anndan tete a anplis de seli abityèl ki gen nan yon glann, gen grès epi gen tout lòt selil ki kontribiye nan bal fòm.

Tete gen divès pati anndan kou deyò.
Pa deyò nou plis wè pwent tete yo, ti zòn fonse arebò pwent lan epi rès kò tete an.

Anndan pi vas, genyen: kanal pou lèt pase, regwoupman selil kap pwodwi lèt, grès, veso pou san pase, epi ti glann tou piti ki plis chita pa anba zesèl ki patisipe nan defans kò a etc

Pou tete an devlope, reyaji nan moman règ gwosès epi pwodwi lèt se òmòn yo ki fè travay sa. Gen anviwon 4 tip ki plis aji sou tete yo : estwojèn, pwojestewòn, pwolaktin ak ositosin.

Pami tout sa nou site la yo èske w wè nou pale de boul? Èske nou di tete a gen mas chè ladan l? Èske nou di tete pwodwi lòt bagay ke lèt ?

Depi w abitye obsève tete w e konnen kisa ki nòmal ladan l. W ap pi fasil idantifye si yon bagay pa ale byen.

Pwochen piblikasyon an ap sou diferan tip kansè nan tete
👇abòne epi pataje piblikasyon an svp

Alo tout moun 🥰 Kijan nou ye? Menmsi koze sansibilizasyon konsène tout moun, maten an pòs sa fèt espesyalman pou medam y...
05/10/2026

Alo tout moun🥰Kijan nou ye? Imajine ou plante yon bèl ti touf gazon devan pòt ou pou fè bèbèl, ou wouze l, netwaye l epi...
02/10/2026

Alo tout moun🥰
Kijan nou ye?
Imajine ou plante yon bèl ti touf gazon devan pòt ou pou fè bèbèl, ou wouze l, netwaye l epi li rete byen vèt devan pòt la. Sa se yon bon bagay pa vre? 🤭🥰
Ebyen imajine kounya menm gazon sa ki tonbe pouse, gaye epi l anvayi kwizin, chanm, tout ti kwen nan kay la. Ou santi jan sa a t ap deranje w anpil? 😫
Ebyen se egzakteman konsa KANSÈ fonksyone.
Yon ti gwoup selil ki te la ap fè yon travay byen presi, sibi yon chanjman epi yon tonbe miltipliye san kontwòl e menm ateri nan lòt ògàn.
Lè selil yo ap miltipliye konsa yo tounen yon timè ki ka vin transfòme an kansè nan kèk ka. Nan kad tete a tout timè, boul, mas yon fanm ka santi lè l manyen yo pa fòseman kansè. Se sak fè li enpòtan pou w konprann sa avan nou pale w de otopalpasyon epi siy ki parèt lè tete an gen yon pwoblèm.

Menm jan ak tout maladi kansè nan tete gen bagay ki lakoz li epi gen fakè ki ogmante risk pou w devlope l.
An atandan ou dwe kenbe: Kansè = pwòp selil ki nan kò w ki sibi yon chanjman ki lakoz yo deregle. Okenn pati pa epanye, sitou TETE.

Rete branche pou w pa rate okenn nan piblikasyon k ap fèt sou paj Lasante San filtè - LSF
Pa bliye abòne svp pou agrandi kominote ALSF💙 la

Adresse

Bourdon
Port-au-Prince
6110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lasante San filtè - LSF publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager