10/26/2026
🩸 Poukisa yon fanm ka gen règ li 2 fwa nan yon mwa?
Èske li nòmal pou yon fanm gen règ li 2 fwa nan yon mwa?
Wi, sa kapab nòmal nan kèk ka🙌
Pou konprann sa, fòk nou konnen s*k règ yon fanm pa toujou dire yon mwa antye
An jeneral, yon s*k règ nòmal dire anviwon 21 a 35 jou pou pifò granmoun
S*k la konte depi premye jou règ la kòmanse rive nan premye jou pwochen règ la
Egzanp pou w konprann pi byen🙌
Ann sipoze yon fanm gen règ li 1ye oktòb, epi li gen yon s*k 24 jou
Premye règ la kòmanse 1ye oktòb
Pwochen règ la ka kòmanse 25 oktòb
Sa vle di li ka wè san règ li 2 fwa nan menm mwa oktòb la, men s*k li a ka nòmal
Se poutèt sa, gen règ 2 fwa nan yon mwa kalandriye pa vle di otomatikman gen yon maladi
Sepandan, si s*k la vin pi kout pase 21 jou regilyèman, li enpòtan pou yon pwofesyonèl sante evalye sa.
Pataje abòne Lak
Nurse Lourdemia 🧑⚕️🩺🌄