10/29/2026
BIZNIS LAN AP FÈMEN… MEN POUKISA?
Pafwa, pou w avanse pi lwen, ou oblije fè yon ti kanpe pou w prepare pwochen etap la.
Anny Naturals pral fè yon ti poz tanporè pou kèk ajisteman ak reòganizasyon.
Nou toujou ap aksepte kòmand, men n ap rekòmanse trete yo apati 6 novanm.
Gen bèl bagay k ap prepare, men pou kounye a, mwen prefere kite rezilta yo pale poukont yo.
Se pa yon orevwa, se jis yon ti poz anvan yon nouvo chapit.
Mèsi paske nou toujou la pou Anny Naturals.