10/05/2026
Asosyasyon Medikal man peyi Kanada revize Kòd Etik yo nan dat 18 septanm ki sot pase a. Yon angajman klè pou konbat rasis, diskriminasyon ak prejije nan sistèm sante yo a.
Kòd la mete aksan sou yon prensip fondamantal: yon pasyan pa dwe jwenn yon tretman ki diferan akoz koulè po li, orijin li, sitiyasyon ekonomik li oubyen aparans li. Doktè, enfimyè ak lòt pèsonèl sante yo dwe trete tout pasyan avèk menm respè a, menm diyite ak menm konsiderasyon.
Nan yon lopital, rad yon moun mete, aparans li oubyen kantite lajan li genyen pa dwe detèmine fason y ap resevwa li oubyen kalite swen li dwe jwenn.
Èske sa rive w deja?
Èske w sibi diskriminasyon nan yon lopital paske pèsonèl yo te panse ou pa gen anpil mwayen ekonomik oubyen paske koulè po w pa t koresponn ak sa yo konsidere kòm yon « bèl koulè po»?
Èske sa rive deja ou temwen yon moun yo trete mal nan yon lopital paske li pa t byen abiye, paske li te parèt pòv oubyen paske aparans li pa t sanble yon moun ki gen mwayen?
Pataje eksperyans ou avèk nou.
Sonje abòne ak OCS Santé & Plus